© 2024 WLRN
Play Live Radio
Next Up:
0:00
0:00
0:00 0:00
Available On Air Stations
Nouvèl WLRN evalye yon plan kle nan ajanda imigrasyon administrasyon Biden la - yon ane pita.

Men ki kote imigran kapab ale chèche èd nan Sid Florid

Sekretè Sekirite Enteryè Alejandro Mayorkas (adwat) ansanm ak majistra Miami-Dade Daniella Levine Cava mwa pase a nan Little Ayiti ap pale sou nouvo pwogram libète imanitè Administrasyon Biden pou Kiben, Venezyelyen, Ayisyen ak Nikaragwa.
Syra Ortiz Blanes /sortizblanes@miamiherald.com
/
Miami Herald
Sekretè Sekirite Enteryè Alejandro Mayorkas (adwat) ansanm ak majistra Miami-Dade Daniella Levine Cava mwa pase a nan Little Ayiti ap pale sou nouvo pwogram libète imanitè Administrasyon Biden pou Kiben, Venezyelyen, Ayisyen ak Nikaragwa.

Leer en español. Read in English.

Sid Florid se kote ki gen pi gran kominote Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen ak Venezuelyen nan peyi a.

E kominote sa yo ap vin pi gran, paske gen plis pase 200.000 moun peyi sa yo ki gentan vini nan peyi Etazini nan ane ki sot pase la a nan kad yon pwogram akèy kondisyonèl imanitè administrasyon Biden nan.

Pandan kèk imigran dekri opòtinite sa a kòm meyè espwa yo pou yo rive wè "mirak" sa a ki yon lavi miyò -- yo menm ak tout fanmi yo fè fas a anpil difikilte apre yo fin rive.

Nan kad seri dokimantè nou ki rele Waiting for America (N ap ret tann Amerika) ekip Nouvèl WLRN nan drese yon lis ajans gouvènman ak òganizasyon byenfezans nan Sid Florid ki devwe pou yo ede imigran, soti nan afè jiridik rive nan sèvis sosyal.

Biwo Nouvo Ameriken Miami-Dade County
Imel: tps@miamiadade.gov
(305) 636-1010

Miami-Dade County ofri èd pou imigran ayisyen ak venezuelyen ak lòt moun ki rete nan peyi a ki kalifye pou Kondisyon Pwoteksyon Tanporè (Temporary Protected Status – TPS). Daprè sitwèb Konnti a: “Nan patenarya avèk òganizasyon byenfezans, Biwo Nouvo Ameriken yo (ONA) ap ofri asistans jiridik gratis, enfòmasyon gratis, ak sèvis sipò gratis pou aplikasyon pou sila yo ki ap chèche aplike anvan dènye delè pou yo enskri. ONA pral òganize plizyè sesyon, seyans konsiltasyon ak aktivite sansibilizasyon nan tout Konnti a.”

Pou ranseye w plis, klike sou lyen sa a.

Pwojè UP-START Lekòl Leta Miami-Dade County
Imel: projectupstart@dadeschools.net
Zòn santral Konnti a: (305) 995-7558
Zòn nò Konnti a: (305) 242-8426
Zòn sid Konnti a: (305) 572-2800 

Distri eskolè Miami-Dade la ofri sèvis pou elèv ak fanmi ki nan lojman enstab, sèvis tankou transpò, leson patikilyè, atelye sou wòl paran, asistans nan afè enskri nan kolèj ak lòt ankò. Elèv ki rete nan otèl oswa nan motèl, nan machin oswa nan lari, oswa ki gen fanmi ki “mete ansanm” ak lòt moun pou yo jwen yon kote pou yo rete, yo pami moun ki kalifye yo.

Pou ranseye w plis, klike sou lyen sa a.

Legal Aid Service of Broward County 
491 North State Road 7, Plantation FL 33317
Imel: Broward-Immigration-Unit@legalaid.org
(954) 765-8950

Legal Aid Service of Broward County (Sèvis Èd Jiridik Broward County) se yon òganizasyon byenfezans ki ofri èd gratis ak avoka gratis pou imigran ki kalifye ki abite Broward, daprè sitwèb yo a. “Nou ede imigran ki kalifye ak fanmi yo lè y ap aplike pou sitiyasyon imigrasyon legal, pou pèmi travay ak rezidans pèmanan (kat rezidans), epi lè y ap defann tèt yo kont depòtasyon.”

Pou ranseye w plis, klike sou lyen sa a.

Legal Aid Society of Palm Beach County 
423 Fern Street Suite 200, West Palm Beach, FL 33401
(561) 655-8944

Legal Aid Society of Palm Beach County (Sosyete Èd Jiridik nan Palm Beach County) ofri konsèy jiridik sivil, reprezantasyon ak fòmasyon pou moun ki bezwen èd nan konte a. Pami sèvis li yo genyen: "defans pou imigran ki ap chèche rezidans legal ak sitwayènte”, daprè sitwèb òganizasyon an.

Pou ranseye w plis, klike sou lyen sa a.

Florida Immigrant Coalition
2800 Biscayne Blvd., Suite 300, Miami, FL 33137
(305) 571-7254
Imel: info@flic.org

Òganizasyon Florida Immigrant Coalition (Kowalisyon Imigran Florid) ki nan Miyami jere yon liy asistans telefonik, 1-888-600-5762, ki reponn tout yon seri kesyon moun nan kominote imigran zòn nan poze. Yo reponn apeprè 5.000 apèl nan yon ane. Sesyon rankont konsiltasyon “Protect the People” (Pwoteje Pèp la), ofri sèvis sipò benevòl avoka, epi plis pase 260.000 moun te patisipe nan fòmasyon “Know Your Rights” (Konnen Dwa ou) pandan kèk ane ki sot pase yo. Li òganize plizyè sesyon English Innovation Course (Kou Inovasyon ann Anglè) chak ane epi li ofri sipò nan kesyon langaj lajistis pou kominote a. An 2020, yo te lanse yon fon ki rele Essential but Excluded Fund (Fon Esansyèl men yo Rejte l) yon inisyativ èd youn pou lòt ki ofri ljan kach ann ijans pou fanmi imigran Covid-19 afekte.

Pou ranseye w plis, klike sou lyen sa a.

Immigrant Action Alliance
Imel: info@immigrantactionalliance.org
(754) 248-6335

Òganizasyon Immigrant Action Alliance (Alyans Aksyon pou Imigran) ki baze Miyami se yon òganizasyon byenfezans ki ofri sipò dirèk pou imigran nan Sid Florid, tankou plizyè santèn moun ki nan sant detansyon imigran. Volòntè Alyans Aksyon pou Imigran ale vizite moun ki anprizone nan Broward Transitional Center a ki Pompano Beach, nan Glades County Jail ki Moore Haven ak nan Krome Service Processing Center ki Miami.

Pou ranseye w plis, klike sou lyen sa a.

Family Action Network Movement (FANM)
100 NE 84th Street, Miami, FL 33138
Imel: info@fanm.org
(305) 756-8050

Depi lè yo te kreye òganizasyon FANM an 1991, li te toujou ap defann moun ki pa gen gran mwaye e ki majinalize epi li ofri sa yo rele “sèvis konplè tankou sante mantal, entèvansyon nan ka kriz ak vyolans nan fanmi, konsèy, aksè a swen sante, fòmasyon pwofesyonèl, aprantisaj prensip finansyè debaz, aprantisaj pou granmoun, ak pwogram apre lekòl.” Li elaji chan travay li epi li ogmante sèvis li pou tout gwoup imigran ak fanmi ki pa gen mwayen ak sa ki ki gen ti mwayen men ki pa anpil.

Pou ranseye w plis, klike sou lyen sa a.

Americans for Immigrant Justice
6355 NW 36th St, Suite 2201, Miami, FL 33166
(305) 573-1106

Òganizasyon Americans for Immigrant Justice (Ameriken ki Vle Jistis pou Imigran) se yon kabinè avoka byenfezans ki resevwa prim; ki ap batay pou imigran gras a yon bann travay li fè, tankou reprezantasyon dirèk, pwosè pou pwovoke chanjman nan sosyete a, defans enterè moun ak pwogram akonpayman, daprè sitwèb yo a. An Florid ak sou plan nasyonal, li defann dwa timoun imigran ki pa vin Etazini ak paran yo, li defann moun ki viktim trafikan ak vyolans nan fanmi, li sèvi kòm òganizasyon siveyans sou pratik ak politik anprizònman imigrasyon epi li toujou kenbe fanmi okouran sa k ap pase.

Pou ranseye w plis, klike sou lyen sa a.

CASA Immigration and Education Services
10300 SW 72 Street, Suite 387 Building 300, Miami, Florida 33173
info@casa-us.org
(305) 463-7468 oswa (305) 967-8973 Estansyon: 101 Resepsyon

Sèvis asistans ann imigrasyon ak preparasyon fòmilè CASA ofri a bay kliyan gid ak asistans lè y ap soumèt aplikasyon imigrasyon bay Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Ameriken. Asistan jiridik ak avoka òganizasyon an ofri tout yon seri sèvis; pami yo genyen: asistans pou sitwayènte, ajisteman sitiyasyon (rezidans), aplikasyon pou pwolonje sitiyasyon non-imigran, aplikasyon pou pèmi travay, pami yon pakèt lòt sèvis.

Pou ranseye w plis, klike sou lyen sa a.

Center for Immigrant Advancement, Inc.
1109 SW 8th Street, Miami 33130
Imel: cimaorg@yahoo.com oswa
info@cimausa.org
Tel: (305) 416-7902 - (786) 346-3828 | Whatsapp

Òganizasyon Center for Immigrant Advancement, Inc. (Sant pou Avansman Imigran, S.A.), se yon òganizasyon byenfezans “ki te kreye pou fè enpak o nivo local, onivo Eta a epi o nivo nasyonal pou bezwen tout imigran pandan l ap kreye yon diferans pozitif nan kominote a ak nan lavi Fanmi Imigran Panyòl.”

Pou ranseye w plis, klike sou lyen sa a.

Catholic Legal Services (CLS)
Biwo nan Miami-Dade: Courthouse Plaza Building, 28 West Flagler Street, Suite 1000, Miami, FL 33130
Biwo nan Broward: City College Building, 6565 TAFT ST, 4th Floor, Hollywood, FL, 33024
Imel: info@cclsmiami.org
(305) 373-1073

Òganizasyon Catholic Legal Services (Sèvis Jiridik Katolik) se yon ajans nasyonal ki genyen pou misyon ofri sèvis jiridik pwofesyonèl pou “moun yo ki soti nan peyi etranje epi ki pa gen ase mwayen pou yo peye avoka pou reprezante yo.” CLS gen yon ekip avoka eksperimante ak pwofesyonèl imigrasyon eksperimante ki gen lontan y ap ofri sèvis jiridik gratis e ki pa koute chè pou imigran ki nan bezwen pandan plis pase ven ane. Se youn nan pi gran founisè sèvis jiridik ann imigrasyon nan Sid Florid. Li genyen biwo nan Miami-Dade ak Broward County.

Pou ranseye w plis, klike sou lyen sa a.

Church World Service South Florida (CWS)
Biwo nan Miami: 1924 NW 84 Avenue, Doral, FL 33126(305) 774-6770
Biwo nan Broward: 3215 NW 10th Terr, Suite 209A, Fort Lauderdale, FL 33309(954) 689-6466
Biwo nan Palm Beach: 220 South Congress Park Drive, Suite 301, Delray Beach, FL 33445(561) 266-0624

CWS premye ouvè yon biwo Miami an 1960 "pou reponn a bezwen presan refijye ki t ap sove kite Kiba pandan rezilta revolizyon an”, daprè sitwèb òganizasyon an. “Depi lè sa a, CWS Sid Florid vin agrandi e etann pwogram ni yo nan Broward ak Palm Beach County, pandan l ap ofri sipò bay moun ki fèk vin rete nan peyi a ak sipò jiridik pou lòt gwoup refijye” ki soti nan divès peyi.

Pou ranseye w plis, klike sou lyen sa a.

Bagay yo di ni pou imigran ki pa ka tann pou yo chape kò yo kite Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezwela – ni pou kanpay eleksyon Prezidan Biden pou yon dezyèm manda a. Nan seri repòtaj ki rele "Waiting for America" (Ret tann Etazini), sal nouvèl WLRN prepare a, n ap analize an detay pwogram imanitè pou kite moun antre Etazini sou kondisyon, moun sa yo k ap soti nan peyi ki fin depatya anba kriz ann Amerik latin ak nan Karayib la – yon pwogram kle nan politik administrasyon Biden nan – apre enn an.

More On This Topic