© 2024 WLRN
SOUTH FLORIDA
Play Live Radio
Next Up:
0:00
0:00
0:00 0:00
Available On Air Stations
Nouvèl WLRN evalye yon plan kle nan ajanda imigrasyon administrasyon Biden la - yon ane pita.

Ki jan pou w aplike pou pwogram imanitè administrasyon Biden nan pou antre nan peyi Etazini sou kondisyon an

PLAYING BALL Newly arrived Venezuelan migrant Johander Sánchez (left) and his brother-in-law and sponsor Antonio Camejo in their Fontainebleu home going over the new humanitarian parole program that brought Sánchez to the U.S.
Tim Padgett
/
WLRN
Yon imigran Venezwela ki fèk vini, Johander Sánchez (sou bò gòch), ak esponnsò li a bòfrè l Antonio Camejo pandan yo lakay yo nan zòn Fontainebleu, kote y ap pale de nouvo pwogram imanitè a ki mennen Sánchez nan peyi Etazini.

Read this in English. Leer en español

Pwogram imanitè administrasyon Biden nan pou mennen moun nan peyi Etazini sou kondisyon an pou moun k ap soti nan peyi ki fin depatya anba kriz ann Amerik latin ak nan Karayib la se yon pwogram imigran yo byen akeyi, imigran sa yo ki pa ka tann pou yo chape kò yo anba vyolans ak represyon epi yo pa ka tann pou yo rekòmanse yon nouvo vi nan peyi Etazini. Pou yo jwenn pèmisyon pou yo vin nan peyi Etazini sou yon baz tanporè se pa bagay k ap fasil epi sa pral pran tan.

Jounalis WLRN gen kèk mwa y ap prepare yon seri repòtaj ki rele Ret tann Etazini, repòtaj sa yo pral analize pwogram pou antre nan peyi Etazini sou kondisyon an yo te lanse sa gen enn an. Nou vin konnen tout peripesi moun pase nan tout etap yo.

Ayisyen yo sitou se anba redi pou yo jwenn paspò yo, paske peyi a pa gen yon gouvènman k ap fonksyone, sa ouvè baryè pou kriminèl antre nan koze a. Nikaragweyen yo gen difikilte jwenn esponnsò ki dakò pran responsablite pou fè tout depans pou yo lè yo vini paske dyaspora peyi a pa gen anpil mwayen. Kèk Venezwelyen ki te aplike lè pwogram nan te disponib pou yo nan mwa oktòb ane pase, jiskaprezan y ap tann repons epi yo pa konnen ki lè y ap jwenn repons. Epi lè imigran yo rive isit, pafwa sa pran plizyè mwa anvan yo jwenn pèmi travay.

Men yon rezime demach pou yon moun aplike pou pwogram imanitè a. (Epi tou, tcheke gid resous nou prepare pou imigran òganize yo nan sid Florid.)

Premye etap: Moun k ap aplike pou yo jwenn pèmisyon pou yo vin nan peyi Etazini yo dwe gen paspò peyi yo.

Dezyèm etap: Moun ki aplike yo dwe jwenn yon esponnsò nan peyi Etazini— se kapab yon fanmi, yon zanmi, yon òganizasyon oswa menm yon biznis.

Twazyèm etap: Apre sa esponnsò a dwe soumèt yon fòm I-134A sou non moun ki aplike a bay Biwo Imigrasyon nan peyi Etazini (USCIS) pou l montre li gen kapasite finansyè pou l sipòte moun ki aplike a pandan 2 an.

Katriyèm etap: Si yo asepte esponnsò a, USCIS ap mande moun ki aplike a pou kreye yon kont anliy nan sit myUSCIS pou l kab bay tout ransèyman li ak enfòmasyon sou sante li pou wè si l kalifye pou pwogram nan.

Senkyèm etap: Y ap mande aplikan yo twouve ki kalifye yo pou yo antre sou yon Ap ki rele “CBP One” pou yo anrejistre enfòmasyon pa yo. CBP (Customs and Border Protection) va deside si l ap otorize aplikan an vwayaje antre nan peyi Etazini. Moun ki aplike yo dwe peye vwayaj yo epi yo gen 90 jou apati jou CBP ba yo otorizasyon an pou yo vwayaje. Epi se lè moun ki aplike a va rive kote y ap antre nan peyi a CBP va konfime yo apwouve moun ki aplike yo pou yo rete nan peyi Etazini sou kondisyon pandan 2 ane.

Sizyèm etap: Kou yo fin pèmèt moun ki antre a rete nan peyi Etazini, l ap kalifye pou l ranpli fòm I-765 pou l aplike pou yon pèmi travay.

Bagay yo di ni pou imigran ki pa ka tann pou yo chape kò yo kite Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezwela – ni pou kanpay eleksyon Prezidan Biden pou yon dezyèm manda a. Nan seri repòtaj ki rele "Waiting for America" (Ret tann Etazini), sal nouvèl WLRN prepare a, n ap analize an detay pwogram imanitè pou kite moun antre Etazini sou kondisyon, moun sa yo k ap soti nan peyi ki fin depatya anba kriz ann Amerik latin ak nan Karayib la – yon pwogram kle nan politik administrasyon Biden nan – apre enn an.

More On This Topic