© 2024 WLRN
Play Live Radio
Next Up:
0:00
0:00
0:00 0:00
Available On Air Stations

Waiting for America - Kreyol

Illustration by Camila Kerwin

Waiting for America - Kreyol

Nouvèl WLRN evalye yon plan kle nan ajanda imigrasyon administrasyon Biden la - yon ane pita.

Kou Prezidan Biden te pran pouvwa a an janvye 2021, administrasyon li a te anvayi ak yon kriz ki depase l, nou ka di vrèman li pa t fè ase pou l prepare pou sa: yon kantite imigran moun pa janm wè anvan ki travèse fwontyè sou bò sid la.

Men moun ki t ap vide antre kounye a pa t soti nan peyi abityèl yo, tankou Ondiras. Pi fò t ap kouri kite Venezwela — peyi ki genyen pi move dezas imanitè nan listwa Amerik Disid tan modèn sa a ak youn nan rejim otoritè ki pi brital nan kontinan an. Venezwelyen sa yo t ap fè yon vwayaj long a pye ki te sitou danjere: pou yo ale nan peyi Etazini, pi fò travèse nan jeng Darién Gap la ant Kolonbi ak Panama, anpil fwa moun pèdi lavi yo nan zòn sa a.

Migrants walk along precipice
Ivan Valencia
/
AP
Migran travèse Darien Gap soti nan Kolonbi pou rive nan Panama ak espwa yo rive nan peyi Etazini, madi 9 me 2023.

Aprè prèske 2 ane kote administrasyon an ap grate tèt li — epi l ap gade pwoblèm imigrasyon an k ap rale pousantaj apwobasyon Biden desann — administrasyon an parèt avèk yon mwayen pou li redui foul moun sou fwontyè a: yon pwogram imanitè ki pèmèt moun rantre nan peyi Etazini ak kondisyon, ki pran egzanp sou yon pwojè parèy pou refijye Ikrenyen, pou kite moun dezespere ki vle tounen imigran tankou Venezwelyen vin abite e travay pou yon ti bout tan nan peyi Etazini pandan 2 ane.

Aprè plizyè mwa repòtaj, WLRN vin dekouvri pwogram nan vin ralanti akoz pwoblèm biwokrasi ki sabote siksè li: demann nan pi wo pase sa administrasyon Biden nan te prevwa. Sa difisil pou n pa di enposib pou kèk imigran jwenn esponnsò epi pou yo fè paspò. Pèmi travay pran plizyè mwa anvan yo jwenn ni.

Li di WLRN an panyòl: “Pwogram nan se pi gwo espwa nou te ka genyen depi anpil ane, men chita tann nan rèd anpil. "

Analis politik yo di pito pwogram nan mache — pito li genyen pwosè moun fè kont li nan tribinal federal — si se pa sa li ka tounen yon “dezas” pou politik fwontyè Prezidan Biden nan. Nan seri dokimantè nou an ki rele Ret tann Etazini, nou pase kèk moman ak moun ki bloke nan mitan sitiyasyon sa a.

Click here for the English language series page. Click here for the Spanish Language series page.