© 2024 WLRN
SOUTH FLORIDA
Play Live Radio
Next Up:
0:00
0:00
0:00 0:00
Available On Air Stations
Nouvèl WLRN evalye yon plan kle nan ajanda imigrasyon administrasyon Biden la - yon ane pita.

‘Menm jan ak yon ranson kidnapin’: Magouyè paspò esplwate Ayisyen k ap aplike nan pwogram akèy sou kondisyon an

A pair of hands holding two Haitian passports
Wilkine Brutus
/
WLRN
Yon imigran ayisyen ki fèk rive nan Sid Florid nan pwogram akèy kondisyonèl administrasyon Biden nan avèk mennaj li ak paspò yo nan men yo. Li mande pou nou pa devwale idantite yo.

Read this in English. Leer en español.

Premye bagay ou bezwen pou w aplike pou akèy imanitè sou kondisyon nan peyi Etazini se paspò peyi ou.

Egzijans sa a parèt difisil anpil, si li pa enposib, pou anpil ayisyen, paske vyolans gang ak boulvès politik apre asasina Prezidan Jovenel Moïse sa gen plis pase dezan te plonje gouvènman an nan yon eta dezòd total.

Nan mwa janvye, yo te pèmèt Ayisyen aplike pou yon pwogram akèy kondisyonèl imanitè administrasyon Biden nan te kreye pou frennen kriz nan fwontyè sid la lè yo ofri yon altènativ a bann vwayaj danjere anpil imigran fè nan wout atè oswa sou lanmè.

LI PLIS: 'A big quilt': Nationwide, volunteers pool resources to help Nicaraguans apply for parole

Depi lè sa a, yo apwouve plis pase 98.000 Ayisyen pou pwogram nan — pi gwo kantite moun yo kite antre pami kat peyi elijib yo, dapre done Depatman Sekirite Enteryè Ameriken an. Kiben, Nikaragweyen ak Venezwelyen tou, fè pati 30.000 moun yo apwouve chak mwa pou akèy sou kondisyon an.

Poutan, anpil moun ann Ayiti ki dezespere pou yo jwenn aksè nan pwogram akèy sou kondisyon an ap fè fas a delè long ap tann paspò — e, sa ki pi mal, yo fè fas a rakèt nan men “raketè kriminèl.” Ayisyen ann Ayiti ak moun ki ap sipòte yo, anpil ladan yo isit nan Sid Florid, ap fè depans egzajere, swadizan pou akselere pwosesis dokiman vwayaj yo.

An office wall with a logo and the words Americans for Immigrant Justice
Wilkine Brutus
/
WLRN
Biwo òganizasyon Americans for Immigrant Justice (Ameriken ki Vle Jistis pou Imigran) nan Miami-Dade.

Cassandra Suprin, se yon avoka ayisyen nan kabinè avoka Americans for Immigrant Justice (Ameriken ki Vle Jistis pou Imigran) nan Miami ki pa gen objektif pou fè lajan, ki ofri fanmi ki imigran ki gen revni fèb, avoka pou reprezante yo. Men sa li di: "Sa difisil anpil, lè w konsidere nan eta Ayiti ye kounye a. Moun yo okouran pwogram sa a, epi anpil moun bloke laba a epi yo vle gen yon paspò pou yo ka vin elijib. Kon sa yo egzajere pri a."

Defansè imigran yo di anpil fwa raketè sa yo pa bay sa yo pwomèt. Sepandan, kenenpòt jan sa riske, opsyon sa a disponib sèlman pou moun ki gen mwayen peye.

Se kòm si w ap eseye peye yon podven bay yon moun ki gen koneksyon, ki pral fè yon bagay pou wou anndan biwo a. Epi ou remake ou gen pou w bay lòt kòb nan plizyè kote. Epi fò w peye plis toujou.
Christian Namphy

"Se prèske tankou se yon ranson kidnapin": se pawòl Paul Christian Namphy, yon Ayisyen ki òganizatè prensipal òganizasyon Family Action Network Movement (FANM), yon òganizasyon byenfezans ki bay imigran sèvis legal ak sèvis sosyal nan Miami.

Li di: "Se kòm si w ap eseye peye yon podven bay yon moun ki gen koneksyon, ki pral fè yon bagay pou wou anndan biwo a. Epi ou remake ou gen pou w bay lòt kòb nan plizyè kote. Epi fò w peye plis toujou.

Men, si ou pòv, ou pa gen chans, paske ou pa ka achte mwayen pou w sòti.”

LI PLIS: Ki jan pou w aplike pou pwogram imanitè administrasyon Biden nan pou antre nan peyi Etazini sou kondisyon an

Anvan yo te lanse nouvo pwogram sa a nan mwa janvye a, leta te konn mande $100 ekèk pou yon paspò ayisyen, "oswa $150 ekèk si ou te vle yon sèvis prese," daprè Mesye Namphy.

Nan demach nòmal kounye a sa koute $200. Men raketè yo mande plis pase sa lontan.

Kounye a? Mesye Namphy di: "Kèk moun te oblije peye plis pase $1,000 epi tann 3 a 6 mwa pou sa rive fèt, mwen te enplike nan kèk ka kon sa tou. Sa se reyalite a."

Sid Florid se kote ki gen pi gran popilasyon Ayisyen nan peyi Etazini. Avoka ak defansè dwa moun di: moun isit ap fè tout sa yo kapab pou yo ede fanmi yo kite Ayiti —peye raketè ladan tou.

Gen kèk ki "oblije chanje lavi yo nèt" pou yo ede moun yo renmen yo aplike pou pwogram akèy sou kondisyon an, daprè Clarel Cyriaque, yon Ayisyen ki avoka imigrasyon nan Miami. Paregzanp, Ayisyen nan Sid Florid sèvi kòm sipòtè pou moun ki aplike pou akèy sou kondisyon, yo pran responsablite fè depans pou yo legalman epi souvan yo ba yo kote pou yo rete epi ede yo lè yo rive isi.

Mesye Cyriaque di: “Yo fè sa ak volonte e avèk lanmou. Men se yon gwo chay yo met sou do yo.”

Pwoblèm paspò a pa t yon sipriz pou avoka yo ak moun k ap defann kòz imigran yo. Mesye Cyriaque di li menm ak kèk lòt avoka the mande DHS pou kèk lòt solisyon, tankou pa fè Ayisyen kèk egzijans, asepte yo vwayaje ak paspò yo genyen ki fini oswa “asepte bagay ki pi senp, tankou dokiman Ayisyen yo genyen olye de paspò a. Men yo pa t dakò ak oken nan opsyon sa yo.”

DHS refize fè oken kòmantè sou sa.

Dapre repòtaj WLRN deja fè, moun k ap defann kòz Nikaragweyen te mande yon lesepase pou kesyon paspò a tou, sa pa t abouti a anyen.

A wall with decals saying: #KeepHopeAlive and other phrases
Wilkine Brutus
/
WLRN
Yon mi nan biwo òganizasyon Americans for Immigrant Justice (Ameriken ki Vle Jistis pou Imigran) nan Miami-Dade.

Avèk kesyon paspò sa a ki an gran demann, Ayisyen ka fasil sibi esplwatasyon

Lidè kominote ayisyen nan Sid Florid di pwoblèm paspò a se yon bagay yo te ka prevwa epi administrasyon Biden nan te dwe pran mezi pou kontwole sa lè yo t ap kreye pwogram akèy sou kondisyon an.

Mesye Namphy ki ap travay nan FANM di: "Nou te kapab idantifye kèk nan risk sa yo" paske anpil Ayisyen genyen paspò ki espire oswa yo pa abitye vwayaje kite peyi a.

LI PLIS: Men ki kote imigran kapab ale chèche èd nan Sid Florid

Pwogram akèy sou kondisyon an lakòz demann pou paspò Ayisyen an ogmante anpil, menm twa fwa plis soti nan 1,500 rive nan 5,000 pa jou tousuit apre yo anonse pwogram nan, daprè repòtaj Miami Herald, patnè nouvèl WLRN.

Reta a ap lakòz kèk fanmi separe, paske kèk paran ayisyen gen paspò, men pitit yo pa genyen. Ogmantasyon demann nan lakòz reta nan adoption timoun ayisyen pou moun toupatou sou latè a.

Mesye Namphy di: “Yon sèl kou, fòs koripsyon nan administrasyon piblik ayisyen an ak bann asosye yo genyen yo te vin konprann afè sa a se yon biznis pou antre lajan. Apre sa, sa ou wè kote ki pou fè paspò yo jan sa dwe fèt la, swa yo sispann nèt oswa yo ralanti a yon pwen y ap bay paspò yo pa konngout.”

The exterior of a building
Wilkine Brutus
/
WLRN
Bildin FANM nan tou pre Ti Ayiti nan Miami.

Sa vin lakòz Ayisyen kòmanse sèvi ak WhatsApp pou yo kontakte fanmi ki abite nan Sid Florid pou mande lajan pou peye raketè. Genyen kèk ki wont admèt konbyen yo peye.

Mesye Namphy di: "Yo pase plizyè mwa ap tann epi yo jennen di valè lajan yo depanse pou eseye rezoud pwoblèm sa a. Sa a se yon gwo fado pou moun isit k ap eseye ede moun jwenn pwoteksyon, pou moun yo renmen, ki bloke nan Pòtoprens."

Mesye Cyriaque ki travay kòm avoka imigrasyon nan Sid Florid pandan trant an, rekonèt efò gouvènman federal la pou amelyorasyon l pote nan sistèm enskripsyon sou entènèt la ki te gen kèk pwoblèm lè yo te elaji pwogram akèy sou kondisyon an nan mwa janvye a.

Men tou, li te rekonèt egzijans paspò a se yon gwo baryè pou Ayisyen aplike, epi tou sa febli efikasite pwogram nan.

Mesye Cyriaque di "Moun toujou rapòte gwo pwoblèm sou valè tan sa pran." Epi akoz tout tan sa a moun fè ap tann, ak jan yo pè vyolans nan biwo paspò yo nan Pòtoprens, "ou gen moun ki kontinye ap pase pa lòt moun pou yo jwenn paspò."

Li di: "Moun yo santi yo fristre tout tan, poutèt yo si tèlman bezwen met kò yo yon kote ki an sekirite."

Bagay yo di ni pou imigran ki pa ka tann pou yo chape kò yo kite Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezwela – ni pou kanpay eleksyon Prezidan Biden pou yon dezyèm manda a. Nan seri repòtaj ki rele "Waiting for America" (Ret tann Etazini), sal nouvèl WLRN prepare a, n ap analize an detay pwogram imanitè pou kite moun antre Etazini sou kondisyon, moun sa yo k ap soti nan peyi ki fin depatya anba kriz ann Amerik latin ak nan Karayib la – yon pwogram kle nan politik administrasyon Biden nan – apre enn an.

Wilkine Brutus is the Palm Beach County Reporter for WLRN. The award-winning journalist produces stories on topics surrounding local news, culture, art, politics and current affairs. Contact Wilkine at wbrutus@wlrnnews.org
More On This Topic